Sa Pou'w Konnen Sou Tranblemandetè

Konsèy enpòtan🙇🏻‍♂
Banm di nou Haïti sou 2 plak tectonique
1- plak nord américain
2- plak karayibeyen.

Haïti chaje mikwo fay ki ka bay tremblement de terre, men mikwo fay sa yo se ti sekous ke ou ka pa menm santi si tremblement de terre la pase.

Men gen 2 gwo bout tonton fay
1- enriquillo plantain garden
2- septentrionale

Fay enriquillo a sòti depi Cuba 🇨🇺 li pase nan mitan lanmè a, li flote kot ant pòdepè e il de la tòti 🐢, li flote Okap, li flote fòlibète, li al kontinye St Domeng.

Fay enriquillo a, sòti byen lwen tou, li pase lèziwa, li pase nan tout kot sid peyi a, li pase pòtoprens, li al fini St Domingue.

12 Janvye sete yon ti pwent nan enriquillo a ki te an aktivite, se pat tout fay la.
Episant la (kote mouvman an deklannche a, sete yon kote nan Leogane, li te pase a 7pwen Konbyen, nou te wè degal te fè.

Dimanch pase (premye dimanch mwa Septembre lan), sete yon yon ti pati nan fay septentrionale la ki te an aktivite, episant la (pati nan fay la kote ki te an aktivite a) te nan zòn St Domeng yo, blòk pueltoplata, e sak fè tout Nord-Est la, tout Wanament, tout kapotiy te santil fò malgre l te a 4 pwen konbyen yo.

6 Oktòb la (Samedi an) sete yon ti pati nan fay septentrionale la ankò ki te re an aktivite, fwa sa episant la, sete tou pre pòdepè anba lanmè, manyitid li te a 5.9 nou wè sak rive, epi tout lòt kote santi sekous la.

Kilè ka gen yon  tsunami 🌊
Se lè episant la nan lanmè, tankou kotel te ye a Samedi an nan zòn pòdepè an, epi fòk manyitid li apati de 6pwen konbyen rive pi wo. Nan echèl Richter ke yo pi itilize a ki limenm rive jis ka manyitid 9.

Erezman sak te pase Samedi an se a 5.9 li te rive l pat depase sa ki fè pat gen tsunami 🌊.

Se nòmal pou apre yon goudougoudou pou ap gen replik tanzantan, men replik sa yo pa janm depase manyitid ki te pwovoke li an.

Sa pou nou konnen ki dwe enkyete nou sè ke koz aktivite k’ap plede genyen sou fay septentrionale la, koz tout ond séismique sa yo, li ka deklannche yon pi gwo sekous nan yon pi gwo manyitid sou fay sa paske se depi an 1800 Konbyen li te an aktivite sa vle di fay septentrionale sa chaje enèji.
E ond sa yo tou pwobab menm pou mete fay enriquillo a an aktivite tou.

Se pridan pou n pridan separe pou n pare.

Poko janm gen yon moun nan mond la, okenn syans ni aparèy paka di ki jou, ki lè, ki kote, ki ane ke yon tranbleman de tè ka pase.
Pa okipe moun k’ap bay dat ak lè, se prepare poun prepare pou nenpòt lè sa ta rive an.

Tsunami an, se lè lanmè a monte anvayi tout moun.

Tsunami an se bò lanmè pou ou pi pè. Li ka monte jis ka wotè 6-7 mèt
De wotè konsa (anviwon yon kay 4 etaj) apati de nivo lanmè a.
Donk si te genyen l pòdepè, depi moun yo te monte nan mòn oubyen yo kote ki gen 6-7 mèt pi wo ke nivo lanmè a, yo pap gen anyen.

Epi saw dwe konnen, yon tsunami 🌊 ka pase apre nenpòt 1h de tan apre yon tranblement de terre fin pase, wap gen tan pou al abritew

Avan yon tsunami fèt lanmè a konn gen tandans rekile a plizyè mèt apre li tounen ak fòs pou anvayi

Gen aparèy ki rele séismographe ki ka defini a ki echèl tremblement de terre la pase, aprel fin pase, men pa genyen k ka di kilè l ka pase.

Apre yon tremblement de terre nan lòt peyi gen alarm ki sonnen si pral gen tsunami. Gen aparèy pou detekte sa, ayiti pa genyenl.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

TI MANNO